Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a: — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David! Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.
Li Matye 22
Koute Matye 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 22:41-46
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo