Barik 4

4
1Bon konprann lan, se liv ki gen tout kòmandman Bondye yo.
Se lalwa ki la pou tout tan an.
Tout moun ki rive genyen l va jwenn lavi.
Men, moun ki vire do ba li va mouri.
2Tounen non, Jakòb! Mete men sou bon konprann lan!
Mache al jwenn klète limyè konprann lan!
3Pa kite bèl bagay yo fè pou ou yo pou lòt moun!
Pa kite privilèj ou yo pou lòt nasyon etranje yo!
4Ala bèl chans pou nou menm, pèp Izrayèl la,
paske nou ka rive konnen sa ki fè Bondye plezi!
Lavil Jerizalèm ap plenn sò pitit li yo
5Kouray, pèp mwen an,
nou menm ki fè yo pa janm bliye non Izrayèl la!
6Yo te vann nou bay lòt nasyon yo.
Men, yo p'ap disparèt nou.
Se paske nou te fè Bondye fache sou nou
kifè li te lage nou nan men lènmi nou yo konsa.
7Nou depase limit nan fè sa ki pou dechennen kòlè Bondye ki kreye nou an.
Nou fè ofrann bèt pou yo touye pou denmon yo,
pase nou ofri yo bay Bondye.
8Nou bliye Bondye ki la pou tout tan an epi ki te ban nou manje.
Nou fè lavil Jerizalèm lapenn, li menm ki te elve nou tankou yon manman.
9Li wè kòlè Bondye tonbe sou nou.
Lè sa a, li di: Koute non, nou menm lavil ki nan vwazinay lavil Siyon an.
Bondye ban mwen yon gwo lapenn.
10Paske mwen wè kijan Bondye ki la pou tout tan an
te fè yo pran pitit gason ak pitit fi m yo pou yo depòte yo.
11Se avèk kè kontan mwen te elve yo.
Men, se avèk chagren ak lapenn nan kè mwen mwen te wè yo ap pati.
12Piga pèsonn kontan dèske mwen pèdi mari m,
dèske tout moun lage m.
Se poutèt peche pitit mwen yo fè kifè mwen rete tankou yon dezè konsa.
Se paske yo te kite chemen lalwa Bondye a.
13Yo pa te okipe prensip li te ba yo,
ni yo pa te mache nan chemen lòd Bondye te ba yo,
ni yo pa te swiv chemen levasyon ki dakò ak volonte Bondye.
14Vini non, nou menm lavil ki nan vwazinay lavil Siyon an.
Chonje kijan Bondye ki la pou tout tan an te fè depòte pitit gason ak pitit fi m yo
pou l te ka pini yo.
15Li fè yon nasyon sòti byen lwen leve dèyè yo,
yon nasyon kriminèl ki pale lòt lang,
yon bann moun ki pa gen respè pou granmoun,
ni ki pa gen pitye pou timoun piti.
16Yo pran pitit gason mwen renmen anpil yo,
mwen menm yon fanm ki pèdi mari l,
yo kite m pou kont mwen, san yon pitit fi.
17Men mwen menm, kijan mwen ka vin pote nou sekou?
18Menm moun ki te voye tout malè sa yo sou nou an,
se menm moun sa a ki va vin rache nou anba men lènmi nou yo.
19Fè chemen nou, pitit mwen yo, fè chemen nou!
Kite m pou kont mwen, san pèsonn avè m.
20Mwen wete rad fèt mwen te konn mete lè kè m te poze a.
Mwen mete rad sak moun mete lè y'ap lapriyè nan pye Bondye a.
Toutotan m'ap viv, m'ap rele nan pye Bondye.
21Ankouraje, pitit mwen yo! Rele nan pye Bondye!
L'a rache nou sòti anba lwijanboje sa yo,
anba men lènmi nou yo.
22Paske mwen menm, se nan Bondye ki la pou tout tan an mwen gen espwa n'a jwenn delivrans.
Bondye ki apa a voye yon sèl kè poze sou mwen.
Li menm Bondye ki la pou tout tan an,
li menm k'ap delivre nou an,
li fè m konnen talè konsa li pral gen pitye pou nou.
23Se avèk chagren ak gwo lapenn mwen te kite nou pati.
Men, Bondye ap fè nou tounen vin jwenn mwen
nan kè kontan ak nan gwo fèt pou tout tan.
24Menm jan lavil ki nan vwazinay lavil Siyon yo
wè kounyeya jan yo te depòte nou an,
konsa tou, talè konsa, y'a wè Bondye nou an ap vin delivre nou.
L'ap vini ak gwo pouvwa li ansanm ak tout bèl limyè prezans li a.
25Pitit mwen yo, sipòte avèk pasyans chatiman Bondye voye sou nou an.
Lènmi nou yo ap rapousib nou,
men talè konsa y'ap disparèt devan je nou, n'ap mete pye sou kou yo.
26Pitit mwen renmen yo te mache anpil nan chemen wòch.
Lènmi pran yo pote ale tankou bèt sovay ki pran mouton pote ale.
27Ankouraje, pitit mwen yo, rele nan pye Bondye!
Paske li menm ki te fè tou sa ki rive nou an,
li va chonje nou ankò.
28Menm jan nou te fè lide vire do bay Bondye a,
konsa tou, antan n'ap tounen vin jwenn li an,
annou fè pi gwo jefò toujou pou nou chache l.
29Paske, li menm ki te voye tout malè sa yo sou nou an,
se li menm k'ap ban nou kè kontan ki p'ap janm fini an
antan l'ap ban nou delivrans lan.
Bèl espwa pou lavil Jerizalèm
30Kouray, lavil Jerizalèm!
Bondye ki te ba ou non sa a va konsole ou.
31Madichon pou moun k'ap maltrete ou yo,
pou moun ki kontan wè jan ou tonbe a!
32Madichon pou lavil sa yo ki te fè pitit ou yo tounen esklav!
Madichon pou lavil kote yo te depòte yo a!
33Menm jan yo te kontan wè ou tonbe a,
menm jan yo t'ap fè fèt lè yo wè jan ou fini an,
se konsa tou yo pral nan gwo lapenn
lè y'a wè jan yo menm y'ap fini tou.
34Mwen menm Bondye, mwen pral disparèt tout kantite moun ki t'ap fè kè lavil la kontan an.
Ensolanste moun lavil sa yo pral tounen yon gwo chagren.
35Mwen menm Bondye ki la pou tout tan an, mwen pral voye yon sèl dife sou li pandan lontan.
Pandan anpil tan ankò se denmon ase ki pral rete la.
36Jerizalèm, leve je ou gade bò solèy leve,
w'a wè kè kontan Bondye ap voye pou ou a.
37Gade! Men pitit ou te wè pati yo ap tounen vin jwenn ou!
Y'ap sòti bò solèy leve ak bò solèy kouche.
Se Bondye ki apa a ki ba yo lòd pou yo reyini ansanm.
Y'ap kontan wè bèl pouvwa Bondye a.

Chwazi Kounye ya:

Barik 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte