Barik 5

5
1Jerizalèm, wete rad soufrans ak rad malè ki te sou ou yo.
Men, mete gwo rechany bèl pouvwa Bondye a sou ou pou tout tan.
2Mete sou ou gwo manto lavi dwat ki sòti nan Bondye a,
mete sou tèt ou gwo kouwòn bèl pouvwa Bondye ki la pou tout tan an.
3Bondye pral fè tout moun sou latè wè jan ou bèl.
4Lèfini, men non l'ap ba ou pou jouk sa kaba:
Kè poze nan mache dwat, bèl pouvwa nan sèvis Bondye!
5Kanpe non, lavil Jerizalèm! Moute sou gwo mòn wo a.
Voye je ou gade bò solèy leve.
Gade pitit ou yo k'ap sòti bò solèy leve ak bò solèy kouche,
yo reyini ansanm. Se Bondye ki apa a ki ba yo lòd fè sa.
Yo kontan wè Bondye chonje yo.
6Lè yo t'ap pati kite ou la, yo te mache pye atè, lènmi t'ap bourade yo.
Men, Bondye ap fè yo tounen nan mitan ou ak gwo pouvwa.
Se pote y'ap pote yo tankou wa sou fòtèy yo.
7Paske Bondye pase lòd pou yo kraze tout gwo mòn yo
ansanm ak tout ti bit mòn ki yonn dèyè lòt yo,
pou yo plen tout ravin yo, pou tè a vin plat.
Konsa, pèp Izrayèl la va mache san bitay
ak gwo pouvwa Bondye a k'ap moutre yo chemen pou yo pran.
8Tout rakbwa yo ansanm ak pyebwa fèy ak flè santi bon yo,
Bondye pase yo lòd pou yo pare lonbray pou pèp Izrayèl la.
9Paske Bondye va mennen pèp Izrayèl la ak kè kontan pou l rive nan limyè bèl pouvwa li a,
antan l'ap moutre yo jan li gen bon kè ak jan li fè tout bagay san patipri.

Chwazi Kounye ya:

Barik 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte