Barik 3
3
1O Granmèt ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, se avèk anpil lapenn nan kè nou epi ak gwo kè kase n'ap lapriyè byen fò nan pye ou. 2Granmèt, tanpri, koute nou! Pitye pou nou paske nou fè peche kont ou! 3Ou menm, ou chita la pou tout tan sou fòtèy ou, nou menm nou fèt pou mouri, epi lè nou mouri nou mouri nèt. 4O Granmèt ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, koute lapriyè moun pèp Izrayèl yo ap fè nan pye ou, yo menm ki kondannen pou mouri a, yo menm ki pitit moun ki te fè peche kont ou yo, epi ki pa te koute ou, ou menm Bondye yo a, Granmèt la, lè ou t'ap pale ak yo a, kifè tout malè sa yo tonbe sou yo yonn apre lòt. 5Pa chonje tout mechanste zansèt nou yo te fè. Men, kounye a chonje pito pouvwa ou ak bon non ou genyen an, 6paske se ou menm ki Granmèt la, Bondye nou an. Se pou ou, Granmèt, n'ape fè lwanj. 7Wi, se pou sa ou mete krentif nan kè nou pou ou, pou nou ka rele non ou. Nan peyi kote yo depòte nou an, n'ap fè lwanj ou, paske nou wete nan kè nou tout mechanste zansèt nou yo ki te fè peche kont ou yo. 8Kounyeya, nou gaye nan peyi kote ou te depòte nou yo, moun ap plede pase nou nan betiz, y'ap ban nou madichon. Sa se chatiman n'ap sibi poutèt tout mechanste zansèt nou yo ki te vire do ba ou, Granmèt, Bondye nou an.
Pèp Izrayèl vire do bay sous bon konprann lan
9Nou menm pèp Izrayèl, tande prensip ki bay lavi yo.
Louvri zòrèy nou pou nou ka rive gen bon konprann.
10Sa ki pase nou konsa, moun pèp Izrayèl yo?
Poukisa se nan peyi etranje n'ap viv la?
Poukisa se nan peyi etranje n'ap vyeyi konsa?
11Poukisa nou mete tèt nou nan kondisyon nou pa ka sèvi Bondye lè nou mele ak bann moun mouri sa yo?
Poukisa yo mete nou nan menm plat ak moun k'ap desann nan peyi lanmò a?
12Se paske nou vire do bay sous bon konprann lan.
13Si nou te swiv chemen Bondye a,
kounyeya nou ta viv ak kè poze pou tout tan.
14Manyè aprann kote lespri, fòs kouray ak konesans ye,
lè sa a n'a konnen kote n'a jwenn lavi, lavi ki long lan, limyè pou je nou ak kè poze.
Pèsonn pa ka rive jwenn bon konprann ak pwòp fòs pa yo.
15Men, kimoun ki janm jwenn kote bon konprann lan ye?
Kimoun ki janm antre kote li sere richès li yo?
16Kote moun k'ap gouvènen nasyon yo?
Kote moun ki konn donte bèt nan bwa ki sou latè yo?
17Kote moun k'ap pran plezi yo ak zwazo nan syèl la?
Kote moun k'ap sere ajan ak lò yo?
Se nan bagay konsa moun ki rich san gad dèyè yo mete tout konfyans yo.
18Kote moun ki pran tan yo pou yo travay ajan,
pou yo fè bagay pèsonn pa janm ka konprann yo?
19Yo tout disparèt, yo tout desann nan peyi kote mò yo ye a.
Se lòt moun ki vin pran plas yo.
20Se lòt moun ki fèt apre yo ki vin rete sou latè,
men yo menm yo pa konn chemen bon konprann lan.
21Yo pa konn chemen kote l pase, ni yo pa chache konnen l tou.
Pitit yo rete byen lwen chemen papa yo t'ap swiv la.
22Yo pa janm tande pale sou li nan peyi Kanaran,
ni yo pa janm wè l nan peyi Teman.
23Ni moun laras Aga yo k'ap mache chache konesans sou latè,
ni machann peyi Mera ak peyi Teman yo k'ap fè trafik,
ni moun k'ap rakonte istwa, ni moun k'ap chache konesans,
yo yonn pa konn chemen bon konprann lan,
ni yo pa chonje anyen sou chemen kote l pase.
24Pèp Izrayèl o! Ala gwo kay Bondye a gwo!
Ala laj bitasyon ki pou li a laj!
25Se yon gwo bitasyon ki pa gen lizyè.
Li wo anpil, li san mezi.
26Se la gwo moun bèl wòtè yo toujou ap pale yo te fèt,
se yo ki te la nan konmansman an nan tan lontan yo.
Yo te grannèg anpil, yo te gen bon ladrès nan fè lagè.
27Men, se pa te yo Bondye te chwazi,
ni se pa te yo li te moutre chemen konesans.
28Yo peri paske yo pa te gen lespri.
Yo peri poutèt yo pa te gen bon konprann.
29Kimoun ki janm moute nan syèl la al pran bon konprann lan
pou fè l desann sòti nan nyaj yo?
30Kimoun ki janm al lòt bò dlo, ki jwenn li,
epi ki peye ak bon jan lò pou pote l vini?
31Pa gen pyès moun ki konnen chemen pou yo pran.
Pa gen pèsonn ki ta vle swiv chemen kote l konn pase yo.
Se Bondye sèl ki bay pèp Izrayèl la bon konprann
32Men, Bondye ki konnen tout bagay la, se li ki konnen sa bon konprann lan ye.
Avèk lespri li li jwenn li.
Li òganize tout bagay sou latè pou tout tan gentan,
lèfini, li plen l ak bèt kat pat.
33Lè li voye limyè a, limyè a ale.
Lè li rele l, li obeyi l, li tranble.
34Zetwal yo klere lè pou yo klere lannuit,
yo tout kontan fè sa.
35Lè li rele yo, yo reponn: Men nou!
Yo klere ak kè kontan pou moun ki te kreye yo a.
36Se li menm ki Bondye nou.
Pa gen lòt tankou l ankò.
37Li mete aklè tout longè chemen ki bay konesans lan.
Li moutre Jakòb, sèvitè li a,
ansanm ak Izrayèl, moun li renmen anpil la, chemen an.
38Se konsa, depi lè sa a bon konprann parèt sou latè,
l'ap viv nan mitan moun.
Chwazi Kounye ya:
Barik 3: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: