1
Filipyen Yo 4:6
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
Konpare
Eksplore Filipyen Yo 4:6
2
Filipyen Yo 4:7
Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
Eksplore Filipyen Yo 4:7
3
Filipyen Yo 4:8
Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
Eksplore Filipyen Yo 4:8
4
Filipyen Yo 4:13
Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
Eksplore Filipyen Yo 4:13
5
Filipyen Yo 4:4
Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!
Eksplore Filipyen Yo 4:4
6
Filipyen Yo 4:19
Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
Eksplore Filipyen Yo 4:19
7
Filipyen Yo 4:9
Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
Eksplore Filipyen Yo 4:9
8
Filipyen Yo 4:5
Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.
Eksplore Filipyen Yo 4:5
9
Filipyen Yo 4:12
Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen.
Eksplore Filipyen Yo 4:12
10
Filipyen Yo 4:11
Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a.
Eksplore Filipyen Yo 4:11
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo