Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Vèsè popilè nan Bib la ki soti nan Néhémie 9

1

Néhémie 9:16-17

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

BSA

Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo. Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.

Konpare

Eksplore Néhémie 9:16-17

2

Néhémie 9:6

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

BSA

Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

Konpare

Eksplore Néhémie 9:6

3

Néhémie 9:19-21

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

BSA

Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale. Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf. Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.

Konpare

Eksplore Néhémie 9:19-21

Chapit Avan yo
Chapit suivan
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
Kreyòl Ayisyen

©2026 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest