1
Ebre Yo 4:12
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.
Konpare
Eksplore Ebre Yo 4:12
2
Ebre Yo 4:16
Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
Eksplore Ebre Yo 4:16
3
Ebre Yo 4:15
Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
Eksplore Ebre Yo 4:15
4
Ebre Yo 4:13
Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
Eksplore Ebre Yo 4:13
5
Ebre Yo 4:14
Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.
Eksplore Ebre Yo 4:14
6
Ebre Yo 4:11
Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
Eksplore Ebre Yo 4:11
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo