1
Rev 19:7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
An n rejwi nou, an n fè kè n kontan epi an n bay Bondye glwa! Bay Bondye glwa, paske seremoni nòs Ti Mouton an rive, fiyanse Ti Mouton an tou pare, li byen bèl.
Konpare
Eksplore Rev 19:7
2
Rev 19:16
Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri: WA TOUT WA YO AK SENYè TOUT SENYÈ YO
Eksplore Rev 19:16
3
Rev 19:11
Apre sa, m wè syèl la te louvri. M wè yon cheval blan devan m. Kavalye ki te monte sou li a te rele Fidèl ak Verite, paske li dwat nan jijman li ak nan lagè l ap fè.
Eksplore Rev 19:11
4
Rev 19:12-13
Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl. L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.”
Eksplore Rev 19:12-13
5
Rev 19:15
Te gen yon nepe byen file ki te soti nan bouch kavalye ki te monte sou cheval blan an pou l frape nasyon yo ki sou latè. L ap dirije yo ak yon baton an fè. L ap kraze rezen yo nan prèswa gwo kolè Bondye ki gen tout pouvwa a.
Eksplore Rev 19:15
6
Rev 19:20
Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se kon sa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a.
Eksplore Rev 19:20
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo