Logo de la Biblia App
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 95

95
1O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3Paske SENYÈ a se yon #Sòm 48:1 gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4Nan men Sila #Sòm 135:6 pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
5Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm #Jen 1:9-10 ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
6Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ #Sòm 100:3 ki te fè nou an.
7Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
# Eb 3:7-11-15 Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
8pa fè kè nou vin di tankou nan #Egz 17:2-7 Meriba,
tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
9“lè papa zansèt nou yo te #Nonb 14:22 pase M a leprèv.
Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
10Pandan #Trav 7:36 karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
11Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,
“Anverite, yo p ap antre nan #Det 12:9repo Mwen an.”

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 95: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión