Sòm Yo 94
94
1O SENYÈ, Bondye a #Det 32:35 vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
2Vin leve, O #Jen 18:25 Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
3Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan #Job 20:5 mechan yo va leve tèt yo wo?
4Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo #Sòm 10:3 vante tèt yo.
5Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
#
És 3:15
Yo aflije eritaj Ou a.
6Yo #És 10:2 touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
7 #
Job 22:13
Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
8Veye sa a, nou menm ki #Sòm 92:6 ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
9Sila ki #Egz 4:11 plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki #Job 35:11 enstwi lòm; Li konnen!
11SENYÈ a #Job 11:11 konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou #Sòm 119:171 enstwi nan lalwa Ou a,
13pou Ou kapab bay li sekou nan #Sòm 49:5jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap #Sòm 37:28 lage pèp eritaj Li a.
15Paske #Sòm 97:2 jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
16Se kilès ki va #Nonb 10:35 kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
17Si #Sòm 124:1-2 SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18Si mwen ta di: #Sòm 38:16 “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
#
És 57:18
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20Èske yon #Am 6:3 twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e #Egz 23:7 kondane inosan yo a lanmò.
22Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, #Sòm 18:2 wòch ki pwoteje mwen an.
23Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va #Sòm 7:16 koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.
Actualmente seleccionado:
Sòm Yo 94: BSA
Destacar
Copiar
Comparar
Compartir
¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión
Copyright © 2017-2023 Ron Smith