Logo de la Biblia App
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 96

96
1Chante a SENYÈ a yon #Sòm 40:3 chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
# Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3Pale #Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
4Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou #Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo.
5Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
6 # Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
7Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,
# I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
8Bay a SENYÈ a #Sòm 79:9 glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
9Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.
# Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a.
10Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11Kite #Sòm 69:34 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout #És 44:23 bwa nan forè yo va chante ak jwa
13devan SENYÈ a, paske La p vini.
Paske La p vini pou jije latè. #Rev 19:11 Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 96: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión

Video de Sòm Yo 96