YouVersion Logo
Search Icon

Jonas 4

4
Jonas fache akoz Konpasyon Bondye
1Jonas pa t kontan ditou, lè li wè Bondye delivre pèp Niniv la. Li te fache anpil.
2Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon. 3Kounye a SENYÈ, ou ta met touye m. Wi, mwen pito mouri pase m viv.”
4Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?”
5Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv.
Pye maskriti a
6SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li.
7Men, nan demen maten byen bonè, Bondye voye yon vèmin vin manje pye maskriti a, epi pye maskriti a mouri.
8Lè solèy la te byen wo nan syèl la, Bondye voye yon van cho soti nan direksyon lès. Solèy la te sitèlman cho sou tèt Jonas, li te prèt pou endispoze. Lè sa a, Jonas mande Bondye lanmò. Li di: “Mwen pito mouri pase pou m viv.”
Jonas tris akoz lanmò pye maskriti a
9Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?”
Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!”
10SENYÈ a di Jonas: “Ou pa fè anyen pou pye maskriti a. Se pa ni ou ki te plante l, ni ou ki te fè l grandi. Li pouse pandan yon nuit epi li mouri nan nuit apre a. 11Si ou ka fache kon sa pou yon plant, mwen menm tou, m ka gen pitye pou yon gran vil tankou Niniv ki genyen anpil moun ak zannimo k ap viv ladan l. Genyen plis pase sanven mil (120,000) moun nan vil sa a ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal.”

Currently Selected:

Jonas 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy