1
Jean 3:16
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
Porovnat
Zkoumat Jean 3:16
2
Jean 3:17
Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
Zkoumat Jean 3:17
3
Jean 3:3
Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
Zkoumat Jean 3:3
4
Jean 3:18
“Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
Zkoumat Jean 3:18
5
Jean 3:19
“Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
Zkoumat Jean 3:19
6
Jean 3:30
Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
Zkoumat Jean 3:30
7
Jean 3:20
“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
Zkoumat Jean 3:20
8
Jean 3:36
Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.
Zkoumat Jean 3:36
9
Jean 3:14
“Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo
Zkoumat Jean 3:14
10
Jean 3:35
Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
Zkoumat Jean 3:35
Domů
Bible
Plány
Videa