1
Mak 9:23
1998 Haïtienne
HAT98
Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
Porovnat
Zkoumat Mak 9:23
2
Mak 9:24
Menm lè a, papa tibway la di byen fò: — Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.
Zkoumat Mak 9:24
3
Mak 9:28-29
Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l apa, epi yo di li: — Poukisa nou pat kapab chase lespri sa a? Li di yo: — Se lapriyè sèlman ki ka chase kalite lespri sa a.
Zkoumat Mak 9:28-29
4
Mak 9:50
— Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n sale l ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.
Zkoumat Mak 9:50
5
Mak 9:37
— Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa.
Zkoumat Mak 9:37
6
Mak 9:41
Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li.
Zkoumat Mak 9:41
7
Mak 9:42
— Imajine yon moun ki ta fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an tonbe nan peche! Franchman, prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè.
Zkoumat Mak 9:42
8
Mak 9:47
Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.
Zkoumat Mak 9:47