1
Matye 10:16
1998 Haïtienne
HAT98
— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo.
Porovnat
Zkoumat Matye 10:16
2
Matye 10:39
Moun k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.
Zkoumat Matye 10:39
3
Matye 10:28
Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Zkoumat Matye 10:28
4
Matye 10:38
Moun ki pa pran kwa l pou l swiv mwen, li pa kapab moun pa m nonplis.
Zkoumat Matye 10:38
5
Matye 10:32-33
— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l.
Zkoumat Matye 10:32-33
6
Matye 10:8
Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.
Zkoumat Matye 10:8
7
Matye 10:31
Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Zkoumat Matye 10:31
8
Matye 10:34
— Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon.
Zkoumat Matye 10:34