Néhémie 1:7-9

Néhémie 1:7-9 BSA

Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse. “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo; men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’