Egzòd 10:21-23

Egzòd 10:21-23 BSA

Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.” Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou. Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.