Egzòd 10:13-14
Egzòd 10:13-14 BSA
Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo. Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.

