I Samuel 11:6-7
I Samuel 11:6-7 BSA
Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.

