1
Sòm Yo 2:8
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.
Compara
Explorar Sòm Yo 2:8
2
Sòm Yo 2:12
Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.
Explorar Sòm Yo 2:12
3
Sòm Yo 2:2-3
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a: “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!”
Explorar Sòm Yo 2:2-3
4
Sòm Yo 2:10-11
Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo. Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman.
Explorar Sòm Yo 2:10-11