Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo.
Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.