Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.” Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.