1
Egzòd 23:25-26
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
Compara
Explorar Egzòd 23:25-26
2
Egzòd 23:20
“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.
Explorar Egzòd 23:20
3
Egzòd 23:22
“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
Explorar Egzòd 23:22
4
Egzòd 23:2-3
Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi. Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.
Explorar Egzòd 23:2-3
5
Egzòd 23:1
Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
Explorar Egzòd 23:1
Inici
La Bíblia
Plans
Vídeos