Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.