1
Detewonòm 28:1
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
“Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.
Compara
Explorar Detewonòm 28:1
2
Detewonòm 28:2
“Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an.
Explorar Detewonòm 28:2
3
Detewonòm 28:13
SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon
Explorar Detewonòm 28:13
4
Detewonòm 28:12
“SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.
Explorar Detewonòm 28:12
5
Detewonòm 28:7
“SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.
Explorar Detewonòm 28:7
6
Detewonòm 28:8
“SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.
Explorar Detewonòm 28:8
7
Detewonòm 28:6
Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.
Explorar Detewonòm 28:6
8
Detewonòm 28:3
Nou va beni nan vil, e beni andeyò.
Explorar Detewonòm 28:3
9
Detewonòm 28:4
Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.
Explorar Detewonòm 28:4
10
Detewonòm 28:9
“SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.
Explorar Detewonòm 28:9
11
Detewonòm 28:5
Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an.
Explorar Detewonòm 28:5
12
Detewonòm 28:11
“SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
Explorar Detewonòm 28:11
13
Detewonòm 28:10
Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou.
Explorar Detewonòm 28:10
14
Detewonòm 28:14
epi pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.
Explorar Detewonòm 28:14
15
Detewonòm 28:15
“Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.
Explorar Detewonòm 28:15
Inici
La Bíblia
Plans
Vídeos