Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.