1
I Samuel 17:45
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.
Compara
Explorar I Samuel 17:45
2
I Samuel 17:47
epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
Explorar I Samuel 17:47
3
I Samuel 17:37
Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
Explorar I Samuel 17:37
4
I Samuel 17:46
Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël
Explorar I Samuel 17:46
5
I Samuel 17:40
Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a.
Explorar I Samuel 17:40
6
I Samuel 17:32
David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
Explorar I Samuel 17:32