1
Women Yo 12:2
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
Karşılaştır
Women Yo 12:2 keşfedin
2
Women Yo 12:1
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
Women Yo 12:1 keşfedin
3
Women Yo 12:12
rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.
Women Yo 12:12 keşfedin
4
Women Yo 12:21
Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
Women Yo 12:21 keşfedin
5
Women Yo 12:10
Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
Women Yo 12:10 keşfedin
6
Women Yo 12:9
Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.
Women Yo 12:9 keşfedin
7
Women Yo 12:18
Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.
Women Yo 12:18 keşfedin
8
Women Yo 12:19
Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
Women Yo 12:19 keşfedin
9
Women Yo 12:11
Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a
Women Yo 12:11 keşfedin
10
Women Yo 12:3
Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
Women Yo 12:3 keşfedin
11
Women Yo 12:17
Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.
Women Yo 12:17 keşfedin
12
Women Yo 12:16
Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
Women Yo 12:16 keşfedin
13
Women Yo 12:20
“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje; e si li swaf, bay li bwè. Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”
Women Yo 12:20 keşfedin
14
Women Yo 12:14-15
Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
Women Yo 12:14-15 keşfedin
15
Women Yo 12:13
Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
Women Yo 12:13 keşfedin
16
Women Yo 12:4-5
Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.
Women Yo 12:4-5 keşfedin