Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 42

42
Frè Jozèf yo nan peyi Lejip
1#Tra 7.12 Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo:
— Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze? 2Mwen #Jen 43.8; Sòm 33.18,19 tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.
3Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y'al achte ble. 4Men #Jen 35.18; 42.38 Jakòb pat voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l la, avèk yo paske li te pè pou malè pat rive l. 5Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki ta pral achte ble tou.
6Se #Jen 37.7,9; 41.41 Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l moun te konn sòti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l bonjou. 7Lè Jozèf wè frè l yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di:
— Ki bò nou sòti?
Yo reponn:
— Nou sòti peyi Kanaran, nou vin achte manje.
8Jozèf te rekonèt frè l yo, men yo menm yo pat rekonèt li. 9#Jen 37.5,9 sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l yo. Li di yo:
— Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a.
10Yo reponn li:
— Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la. 11Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.
12Jozèf di yo:
— Se pa vre. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a.
13Yo #Jen 37.30 di l:
— Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.
14Jozèf reponn yo:
— Nou wè mwen gen rezon lè m di se yon bann espyon nou ye. 15Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap sòti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la. 16Voye yonn nan nou al chache l. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.
17Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou. 18Sou #Lev 25.43; Ney 5.15 twazyèm jou a, Jozèf di yo:
— Men sa pou n fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. 19Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. 20Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l ban mwen, pou nou ka moutre m nou pat ban m manti. Konsa, yo p'ap touye nou.
Yo tonbe dakò sou sa. 21Yonn #Jen 37.23-28; Jòb 36.8,9 t'ap di lòt:
— Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l gras. Men, nou pat vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
22Riben #Jen 9.5; 37.21,22; 2 Kwo 24.22; Sòm 9.12; Lik 11.50,51 di yo:
— Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pat vle koute m. Kounyeya se lanmò tibway la n'ap peye.
23Jozèf te konprann tou sa yo t'ap di a. Men yo pat konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradi pou yo lè yo t'ap pale avè l. 24Jozèf sòti kote yo te ye a, l'al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l nan chenn, la devan yo tout.
Frè Jozèf yo tounen Kanaran
25Jozèf #Wòm 12.17,20 te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre. 26Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati. 27Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la. 28Li di frè l yo.
— Yo renmèt mwen lajan m lan wi. Men li nan sak mwen an.
Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt:
— Kisa Bondye fè nou konsa?
29Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l tou sa ki te pase. Yo di l:
30— Nèg #Jen 42.7,9 k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon. 31Nou di l nou p'ap ba l manti, se pa espyon nou ye. 32Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran. 33Men #Jen 42.15,19,20 chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen. 34#Jen 34.10 sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m manti. M'a renmèt nou frè nou an. M'a kite nou trafike nan peyi a.
35#Jen 42.27 yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl laperèz frape ni yo ni papa yo! 36Lè sa a Jakòb, papa yo, di:
— N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Kounyeya, nou vle pran m Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
37Riben #Jen 46.9 di papa l konsa:
— Papa, ou mèt touye de pitit gason m yo, si m pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l tounen ba ou.
38Men #Jen 37.33,35; 42.4 Jakòb te di:
— Pitit gason m lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l yo. Si pou yon malè ta rive l nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m ale.

Currently Selected:

Jenèz 42: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti