Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 22

22
Bondye mande Abraram fè sakrifis Izarak ba li
1Apre #Eb 11.17-19; Jak 1.12 tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l. Bondye rele l:
— Abraram! Abraram!
Abraram reponn:
— Men mwen wi!
2Bondye #2 Kwo 3.1 di l:
— Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l. Apre sa, w'a boule l nèt pou mwen.
3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l la.
4Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l. 5Abraram di domestik li yo.
— Nou menm mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.
6Abraram #Jan 19.17 pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l. Yo tou de pati ansanm. 7Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram:
— Papa!
Abraram reponn:
— Wi, pitit mwen!
Izarak mande l:
— Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?
8Abraram #Jan 1.29,36; 1 Pyè 1.19 reponn:
— Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye.
Yo toude t'ap kontinye mache ansanm. 9#Jak 2.21 yo rive kote Bondye te di l la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l lan, li mete l sou lotèl la, anwo bwa yo. 10Apre sa, li lonje men li, li pran kouto a pou li dage ti gason an touye li. 11Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l:
— Abraram! Abraram!
Abraram reponn.
— Men mwen wi!
12Zanj #Jen 26.5; 1 Sam 15.22; Mi 6.7,8 lan di li:
— Atansyon! Pa fè ti nonm nan mal! Se atòkile mwen wè ou gen krentif pou mwen vre deske ou pa derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
13Abraram voye je l, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. L ale, li pran mouton an, li touye l, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. 14Abraram rele kote sa a: Se sou kont Senyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Senyè a, tout bagay sou kont li.
15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l konsa:
16— Mwen #Sòm 105.9; Lik 1.73; Eb 6.13 sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pat refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. 17Mwen #Jen 13.16; 15.5; 24.60; Jer 33.22; Eb 6.14 menm tou, mwen pwomèt pou mwen ba ou anpil anpil pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl, tankou grenn sab bò lanmè. Yo va bat tout lènmi yo. 18Gremesi #Jen 12.3; 22.3; 26.5; Gal 3.8 tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.
19Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.
Pitit pitit Nakò yo
20Apre #Jen 11.29 tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa:
— Tande non. Milka fè pitit tou wi pou Nakò, frè ou la.
21Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram, 22Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl. 23Se #Jen 24.15 Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan. 24Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tou pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.

Currently Selected:

Jenèz 22: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti