Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 15

15
Kontra Bondye ak Abram
1Apre #Jen 26.24; Sòm 3.3; 18.2; Lik 1.13,30; Eb 11.6 bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa:
— Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
2Abram di:
— Senyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tou fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m, se Elyezè, moun peyi Damas la.
3Abram #Jen 14.14 di ankò:
— Gade! Ou pa ban m pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m.
4#Jen 17.16 sa a, li tande Senyè a ki di l konsa:
— Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou.
5Senyè a #Jen 22.17; Egz 32.13; Sòm 147.4; Wòm 4.18; Eb 11.12 fè Abram sòti deyò, li di l konsa:
— Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab.
Apre sa, li di:
— Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
6Abram #Sòm 106.31; Wòm 4.3,9,22; Gal 3.6; Jak 2.23 mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras. 7Senyè a #Jen 11.31; 12.1 di:
— Se mwen menm, Senyè a, ki te fè ou sòti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m te ka ba ou peyi sa a pou ou.
8Abram #Jij 6.17; 2 Wa 20.8; Eza 7.11-13; Lik 1.18 di:
— Senyè, Bondye, kijan pou m fè konnen peyi sa a pou mwen vre?
9Senyè a di l:
— Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.
10Abram #Lev 1.17; Jer 34.18,19 al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de. 11Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale.
12Solèy #Jen 2.21 ta pral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl laperèz pran l nan dòmi an. Kote l te ye a vin fè tou nwa. 13Senyè a #Egz 1.11,12; 12.40; Tra 7.6 di l:
— Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (400 an). 14Men, #Egz 6.6; 12.36; Tra 7.7 apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a sòti avèk anpil anpil richès. 15Kanta #Jen 25.8 ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri dejà. Wi, anvan ou antre anba tè, w'a viv lontan san okenn pwoblèm. 16Apre #1 Wa 21.26; Am 2.9; Mat 23.32; 1 Tes 2.16 kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.
17Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tou limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo. 18Se #Jen 12.7; 13.15; Egz 23.31; Det 1.7; Joz 1.4; Ney 9.8; Eza 27.12 jou sa a Senyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l konsa:
— M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la. 19Sa vle di tout peyi kote moun Kini yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo, 20moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo, 21moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Currently Selected:

Jenèz 15: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti