Matye 5

5
Jezi ap bay mesay li a sou mòn lan
1Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. #Lik 6.20-26 Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l. 2Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:
Bèl lavi tout bon an
(Lik 6.20-23)
3Benediksyon #Eza 57.15 pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye,
paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
4Benediksyon #Sòm 126.5; Eza 61.3; Rev 7.17 pou moun ki nan lapenn,
paske Bondye va ba yo kouray.
5Benediksyon #Sòm 37.11 pou moun ki dou,
paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.
6Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la,
paske Bondye va ba yo sa yo vle a.
7Benediksyon #Jak 2.13 pou moun ki gen kè sansib,
paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.
8Benediksyon #Sòm 24.4; 51.10; 73.1; 1 Jan 3.2,3 pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo,
paske y'a wè Bondye.
9Benediksyon #Eb 12.14 pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt,
paske Bondye va rele yo pitit li.
10Benediksyon #1 Pyè 3.14 pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande,
paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
11— Benediksyon #1 Pyè 4.14 pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye. 12#Jak 5.10; Eb 11.33-38 kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Sèl ak limyè
(Mak 9.50; Lik 14.34-35)
13— Se #Mak 9.50; Lik 14.34,35 sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.
14— Se #Jan 8.12 limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. 15Ni #Mak 4.21 yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. 16Konsa #Ef 5.8,9; 1 Pyè 2.12 tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Jezi ap pale sou Lalwa Moyiz la
17— Pa #Mat 3.15; Wòm 3.31; 10.4 mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. 18Sa #Lik 16.17; 21.33 m'ap di nou la a se vre wi: Toutotan syèl la ak tè a va la, pa gen ti yon pwèlyèm nan lalwa a k'ap disparèt, jouk tout bagay ki gen pou rive yo rive. 19Se #Jak 2.10; 1 Kor 15.9 sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la. 20Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak dirèktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Jezi ap pale sou moun k'ap fè kòlè
(Lik 12.57-59)
21— Nou #Egz 20.13; 21.12; Lev 24.17; Det 17.8,9 tande kijan, nan tan lontan, yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm fè zak sasinay touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo. 22Men, #1 Jan 3.15 mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l, #5.22: Apre ki an kòlè sou frè l, gen maniskri ki ajoute san rezon. se pou yo jije li. Moun ki joure frè l enbesil, se pou yo jije l devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l moun fou, li bon pou yo jete l nan dife lanfè a. 23Konsa, #Mak 11.25 si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: 24Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, w'a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
25— Si #Mat 6.14,15; 18.35; Lik 12.58,59 yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon. 26Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap sòti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la.
Jezi ap pale sou kèsyon adiltè
27— Nou #Egz 20.14 tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè. 28Mwen #Jòb 31.1; 2 Pyè 2.14 menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l. 29Si #Mat 18.8,9; Mak 9.43,47; Kol 3.5 se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. 30Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
Jezi ap pale sou kèsyon divòs
(Matye 19.9; Mak 10.11-12; Lik 16.18)
31— Yo #Mat 19.3-9; Det 24.1 te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l yon papye divòs. 32Men #Lik 16.18; 1 Kor 7.10,11 mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l kite l, li fè adiltè tou.
Jezi ap pale sou kèsyon fè sèman
33— Nou #Egz 20.7; Lev 19.12; Nonb 30.2 tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Ou pa dwe refize fè sa ou te sèmante pou ou te fè a. Se pou ou fè sa ou te sèmante fè devan Bondye. 34Men #Mat 23.16-22; Eza 66.1; Tra 7.49 mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fòtèy kote Bondye chita. 35Pa #Sòm 48.2 fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a. 36Pa fè sèman nonplis sou tèt pa ou, paske ou pa ka fè yon sèl grenn cheve nan tèt ou tounen blan osinon nwa. 37Men, #2 Kor 1.17; Jak 5.12 lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa sòti.
Jezi ap pale sou kèsyon tire revanj
(Lik 6.29-30)
38— Nou #Lev 24.19,20 tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan. 39Men #Lik 6.27-36 mwen #Jan 18.22,23; Lev 19.18 menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou. 40Si #1 Kor 6.7 yon moun vle rele ou nan tribinal pou l pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. 41Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kilomèt avè l. 42Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.
Renmen lènmi ou
(Lik 6.27-28,32-36)
43— Nou #Lev 19.18 tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo. 44Men #Egz 23.4,5; Wòm 12.14,20; Lik 23.34; Tra 7.60 mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou. 45Se #Ef 5.1 konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal. 46Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou? 47Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou? 48Non, #Lev 19.2 nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.

Выбрано:

Matye 5: HAT98

Выделить

Поделиться

Копировать

None

Хотите, чтобы то, что вы выделили, сохранялось на всех ваших устройствах? Зарегистрируйтесь или авторизуйтесь

YouVersion использует файлы cookie, чтобы персонализировать ваше использование приложения. Используя наш веб-сайт, вы принимаете использование нами файлов cookie, как описано в нашей Политике конфиденциальности