II Tesalonisyen Yo 1

1
1Paul, Silvain ak Timothée, a #Trav 17:1legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2#Wo 1:7Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.
3Nou ta dwe toujou #Wo 1:8bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e #I Tes 3:12lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4Konsa, nou menm, nou #II Kor 7:4pale avèk fyète de nou pami #I Tes 2:14legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou #Luc 20:35ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo #Luc 17:30lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8Konsa L a bay chatiman a sila #Gal 4:8ki pa konnen Bondye yo, e a sila #Wo 2:8ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.
9Sila yo va peye pinisyon #Fil 3:19destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10Lè Li vini pou L kapab #És 49:3glorifye nan sen Li yo nan #És 2:1jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.
11Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou #I Wa 22:22Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12pou #És 24:15non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

Markering

Delen

Vergelijk

Kopiëren

None

Wil je jouw markerkingen op al je apparaten opslaan? Meld je aan of log in