II Korentyen Yo 4

4
1Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te #I Kor 7:25resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. 2Men nou renonse a #Wo 6:21bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. 3Men si levanjil nou an #I Kor 2:6vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4Nan ka sila a, #Jn 12:31dye a mond sa a #II Kor 3:14vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. 5Paske #I Kor 4:15nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. 6Paske se Bondye, ki te di: #Jen 1:3“Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki #II Pi 1:19te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
7Men nou gen trezò sa a nan #Lam 4:2po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a #Jij 7:2pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8Nou #II Kor 1:8aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9pèsekite, men nou pa #Sòm 129:2abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10#Wo 6:5Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.
13Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: #Sòm 116:10“Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14avèk konesans ke Sila ki te #Trav 2:24leve Senyè a Jésus #I Tes 4:14va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan #Wo 8:28kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze #Wo 7:22deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17Paske ti afliksyon #Wo 8:18pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18pandan #Wo 8:24nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

Nu geselecteerd:

II Korentyen Yo 4: BSA

Markering

Delen

Vergelijk

Kopiëren

None

Wil je jouw markerkingen op al je apparaten opslaan? Meld je aan of log in