Ésaïe 61:1-3

Ésaïe 61:1-3 BSA

Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo; pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris, pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.