Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke se Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.