“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”