Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
Sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Li se Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,
ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;
paske lespri a ta vin fèb devan M,
ak nanm a sila ke M te fè yo.