1
Ésaïe 11:2-3
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a. Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande
Bandingkan
Selidiki Ésaïe 11:2-3
2
Ésaïe 11:1
Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
Selidiki Ésaïe 11:1
3
Ésaïe 11:4
men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
Selidiki Ésaïe 11:4
4
Ésaïe 11:5
Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
Selidiki Ésaïe 11:5
5
Ésaïe 11:9
Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè a.
Selidiki Ésaïe 11:9
6
Ésaïe 11:6
Lou a va demere ak jèn mouton an, leyopa va kouche ak jèn kabrit la, jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; epi yon tigason va mennen yo.
Selidiki Ésaïe 11:6
7
Ésaïe 11:10
Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
Selidiki Ésaïe 11:10