1
Eklezyas 4:9-10
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a.
Bandingkan
Selidiki Eklezyas 4:9-10
2
Eklezyas 4:12
Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
Selidiki Eklezyas 4:12
3
Eklezyas 4:11
Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe?
Selidiki Eklezyas 4:11
4
Eklezyas 4:6
Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
Selidiki Eklezyas 4:6
5
Eklezyas 4:4
Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
Selidiki Eklezyas 4:4
6
Eklezyas 4:13
Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.
Selidiki Eklezyas 4:13