1
Mak 16:15
1998 Haïtienne
HAT98
Epi li di yo: — Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.
Salīdzināt
Izpēti Mak 16:15
2
Mak 16:17-18
Moun ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Izpēti Mak 16:17-18
3
Mak 16:16
Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
Izpēti Mak 16:16
4
Mak 16:20
Disip yo pati, y'al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.] [
Izpēti Mak 16:20
5
Mak 16:6
Men jennonm lan di yo: — Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a.
Izpēti Mak 16:6
6
Mak 16:4-5
Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè.
Izpēti Mak 16:4-5
Mājas
Bībele
Plāni
Video