1
Lik 3:21-22
1998 Haïtienne
HAT98
Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. Sentespri a desann sou li sou fòm yon pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
Salīdzināt
Izpēti Lik 3:21-22
2
Lik 3:16
Lè sa a, Jan di yo tout: — Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
Izpēti Lik 3:16
3
Lik 3:8
Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Izpēti Lik 3:8
4
Lik 3:9
Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.
Izpēti Lik 3:9
5
Lik 3:4-6
Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
Izpēti Lik 3:4-6
Mājas
Bībele
Plāni
Video