Chache rezilta pou: self-control

Galat 5:23 (HAT98)

Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Galat 5:22 (HAT98)

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.

Galat 5:16 (HAT98)

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Galat 5:24 (HAT98)

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

1 Korent 9:25 (HAT98)

Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplin sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplin sevè pou n ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.

1 Korent 9:27 (HAT98)

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Galat 5:17 (HAT98)

Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.

Galat 5:18 (HAT98)

Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.

Galat 5:19 (HAT98)

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.

Galat 5:20 (HAT98)

Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.

Galat 5:21 (HAT98)

Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Galat 5:25 (HAT98)

Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay.

Galat 5:26 (HAT98)

Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.

1 Tesalonisyen 5:6 (HAT98)

Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.

1 Tesalonisyen 5:7 (HAT98)

Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou.

1 Tesalonisyen 5:8 (HAT98)

Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l tankou yon kas an fè nan tèt nou.

Tit 2:11 (HAT98)

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre.

Tit 2:12 (HAT98)

Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

Tit 2:13 (HAT98)

Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.

1 Pyè 4:7 (HAT98)

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.

1 Pyè 4:9 (HAT98)

Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen.

2 Pyè 1:5 (HAT98)

Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.

2 Pyè 1:6 (HAT98)

Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye.

2 Pyè 1:7 (HAT98)

Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.

2 Pyè 1:8 (HAT98)

Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.