Rezilta rechèch yo

1 Timote 4:12 (HAT98)

Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.

Sòm 119:9 (HAT98)

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.

1 Korent 6:19 (HAT98)

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.

1 Korent 6:20 (HAT98)

Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Filipyen 4:8 (HAT98)

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Sòm 51:10 (HAT98)

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

1 Tesalonisyen 4:3 (HAT98)

Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite.

1 Tesalonisyen 4:4 (HAT98)

Se pou chak gason chwazi madanm li epi viv avèk li san vye pasyon, yon jan ki dakò ak volonte Bondye.

2 Korent 7:1 (HAT98)

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!

1 Korent 6:18 (HAT98)

Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

1 Tesalonisyen 4:5 (HAT98)

Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.

1 Tesalonisyen 4:7 (HAT98)

Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li.

2 Timote 2:22 (HAT98)

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Efezyen 5:3 (HAT98)

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.

1 Tesalonisyen 4:8 (HAT98)

Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l la menm li pa koute.

Sòm 119:11 (HAT98)

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Women 8:6 (HAT98)

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Women 12:1 (HAT98)

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Women 12:2 (HAT98)

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Women 6:23 (HAT98)

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Filipyen 4:9 (HAT98)

Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.

Kolosyen 3:1 (HAT98)

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.

Kolosyen 3:2 (HAT98)

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Kolosyen 3:5 (HAT98)

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).

Kolosyen 3:12 (HAT98)

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.