Chache rezilta pou: mercy

Ebre 4:16 (HAT98)

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Jak 2:13 (HAT98)

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.

Lamantasyon 3:22 (HAT98)

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.

Lamantasyon 3:23 (HAT98)

Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Efezyen 2:4 (HAT98)

Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,

Efezyen 2:5 (HAT98)

Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Sòm 51:1 (HAT98)

(3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.

Efezyen 2:8 (HAT98)

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Lik 6:36 (HAT98)

Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.

Tit 3:5 (HAT98)

li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.

Sòm 51:2 (HAT98)

(4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan.

Lamantasyon 3:24 (HAT98)

Mwen di: Se Senyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m.

Miche 6:8 (HAT98)

Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Lik 6:35 (HAT98)

Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan.

Women 9:15 (HAT98)

Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m pou moun mwen vle.

Women 9:16 (HAT98)

Se sa ki fè sa pa depann ni sou volonte lèzòm, ni sou jefò yo fè. Se sèl Bondye sa regade nan kè sansib li.

Efezyen 2:6 (HAT98)

Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

1 Timote 1:16 (HAT98)

Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Ebre 4:15 (HAT98)

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.

Jak 2:12 (HAT98)

Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

1 Pyè 1:3 (HAT98)

Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.

Sòm 103:8 (HAT98)

Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

Sòm 103:10 (HAT98)

Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.

Sòm 103:11 (HAT98)

Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li.

Sòm 103:12 (HAT98)

Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.