Chache rezilta pou: honor
Women 12:10 (HAT98)
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Pwovèb 21:21 (HAT98)
Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.
Women 12:1 (HAT98)
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Women 12:9 (HAT98)
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
Women 12:12 (HAT98)
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Women 12:15 (HAT98)
Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
Women 12:19 (HAT98)
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Women 12:21 (HAT98)
Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.
1 Korent 6:19 (HAT98)
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.
1 Korent 6:20 (HAT98)
Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
Filipyen 2:3 (HAT98)
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
Filipyen 4:8 (HAT98)
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Kolosyen 3:23 (HAT98)
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.
1 Pyè 5:6 (HAT98)
Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an.
Sòm 46:10 (HAT98)
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
Pwovèb 3:5 (HAT98)
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
Pwovèb 3:6 (HAT98)
Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Pwovèb 3:7 (HAT98)
Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.
Matye 13:57 (HAT98)
Se rezon sa yo ki okazyone yo tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite, ni nan peyi li, ni nan fanmi li, ni lakay li.
Matye 15:4 (HAT98)
Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l.
Matye 15:8 (HAT98)
Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.
Mak 6:4 (HAT98)
Se konsa Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite nan peyi li, nan fanmi li, ni lakay li.
Lik 14:11 (HAT98)
Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Jan 5:23 (HAT98)
Konsa, tout moun va gen onè respè pou Pitit la, menm jan yo gen onè respè pou Papa a. Moun ki pa gen onè respè pou Pitit la, li pa gen onè respè pou Papa a tou.
Jan 12:26 (HAT98)
Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.