Rezilta rechèch yo
Sòm 21:4 (HAT98)
(5) Li mande ou lavi, ou ba li l. Ou ba l yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
Ezayi 38:16 (HAT98)
Senyè! nan bon kè ou, ou fè m jwi lavi. Souf lavi a nan mwen toujou. W'ap geri m, w'ap ban m lavi.
Egzòd 21:23 (HAT98)
Men, si malè rive fanm lan, y'a fè l peye lavi pou lavi,
Pwovèb 14:27 (HAT98)
Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
Jan 12:25 (HAT98)
Moun ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an.
1 Jan 1:2 (HAT98)
Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
Sòm 90:9 (HAT98)
Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
Jan 1:4 (HAT98)
Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
Pwovèb 3:22 (HAT98)
Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
Jòb 10:5 (HAT98)
Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.
Jan 5:26 (HAT98)
Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.
Galat 5:25 (HAT98)
Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
Lik 17:33 (HAT98)
Moun ki va chache sove lavi l va pèdi l. Men moun ki va pèdi lavi l va konsève li.
Jan 5:21 (HAT98)
Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.
1 Wa 1:12 (HAT98)
Kounyeya, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.
Matye 10:39 (HAT98)
Moun k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.
Eklezyas 1:2 (HAT98)
Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.
Eklezyas 12:8 (HAT98)
Nan lavi a anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a, Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.
Lik 9:24 (HAT98)
Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li.
Pwovèb 13:14 (HAT98)
Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
Jan 6:57 (HAT98)
Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi.
Chirasid 31:27 (HAT98)
Diven se lavi, depi ou pa bwè l twòp. Kisa lavi ta ye san diven? Bondye te mete diven pou fè kè moun kontan.
Chirasid 37:25 (HAT98)
Ou ka konte konbe jou ki gen nan lavi yon moun, men ou pa ka konte jou ki gen nan lavi pèp Izrayèl la.
Levitik 24:18 (HAT98)
Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi.
Jòb 7:7 (HAT98)
Bondye o! Pa bliye, lavi m tankou yon nyaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m, mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.