Rezilta rechèch yo
Jak 5:14 (HAT98)
Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a.
Jak 5:15 (HAT98)
Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
Jak 5:16 (HAT98)
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Mak 5:34 (HAT98)
Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
Jan 5:8 (HAT98)
Jezi di li: — Leve pran nat ou ale.
1 Pyè 2:24 (HAT98)
Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou.
Travay 4:30 (HAT98)
Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.
Ezayi 53:5 (HAT98)
Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Sòm 103:3 (HAT98)
Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.
Sòm 147:3 (HAT98)
L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.
Jòb 5:18 (HAT98)
Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.
Lik 9:2 (HAT98)
Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
Matye 4:23 (HAT98)
Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Chirasid 38:13 (HAT98)
Gen de lè se nan men yo pou ou jwenn gerizon.
2 Makabe 9:22 (HAT98)
Sa pa vle di mwen pèdi espwa gerizon. Pou di vre, mwen gen gwo espwa m'ap refè.
Lik 5:15 (HAT98)
Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis. Moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.
Chirasid 21:3 (HAT98)
Tou sa ou fè ki dezobeyi lalwa, se tankou yon kouto de bò kap blese ou: Ou p'ap janm jwenn gerizon.
Lik 14:3 (HAT98)
Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo: — Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?
Sòm 41:3 (HAT98)
(4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
Jan 5:4 (HAT98)
Paske tanzantan, yon zanj desann vin mete dlo a anmouvman. Premye malad ki desann lan, nenpòt maladi li te genyen, li te jwenn gerizon.]
Chirasid 38:14 (HAT98)
Yo menm pou tèt pa yo, y'a lapriyè Granmèt la, pou Granmèt la ka ba yo favè jwenn renmèd pou soulaje ou, ak gerizon pou sove lavi ou.
Sajès 16:10 (HAT98)
Men, pou pitit ou yo, ata pwazon anba dan sèpan yo pa te ka kraze yo, paske nan bon kè ou, ou vin ede yo, ou ba yo gerizon.
2 Kwonik 16:12 (HAT98)
Asa te gen trantnevan depi li te wa lè yon gwo maladi rann li enfim. Malgre sa, olye l'al chache gerizon nan men Senyè a, li pito al kay doktè.
Lik 4:27 (HAT98)
Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pat jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.
Detewonòm 28:27 (HAT98)
Senyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.