Rezilta rechèch yo
Pwovèb 22:24 (HAT98)
Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
Eklezyas 4:9 (HAT98)
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.
Eklezyas 4:10 (HAT98)
Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.
Jan 15:13 (HAT98)
Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
Galat 6:2 (HAT98)
Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
Sòm 94:20 (HAT98)
Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
Jòb 29:4 (HAT98)
Nan tan sa a, tout zafè m t'ap mache byen. Bondye te zanmi m. Li t'ap pwoteje kay mwen.
Jenèz 37:4 (HAT98)
Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pat louvri bouch avè l san yo pa joure l.
2 Korent 6:15 (HAT98)
Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?
1 Korent 1:9 (HAT98)
Bondye ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Travay 2:42 (HAT98)
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Jak 4:4 (HAT98)
Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.
Filipyen 2:1 (HAT98)
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,
Sòm 94:21 (HAT98)
Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.
Sòm 94:19 (HAT98)
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
Jòb 29:5 (HAT98)
Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m yo.
Jòb 29:3 (HAT98)
Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m kote pou m mete pye m nan fènwa a.
2 Korent 6:16 (HAT98)
Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.
1 Korent 1:8 (HAT98)
Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Senyè nou an, va rive.
Travay 2:43 (HAT98)
Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.
Jenèz 37:5 (HAT98)
Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou.
2 Korent 6:14 (HAT98)
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?
1 Korent 1:10 (HAT98)
Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.
Filipyen 1:30 (HAT98)
Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.
Filipyen 2:2 (HAT98)
enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.