Ki sa Batèm nan ye? Yon plan 3 jou pou ka Prepare oswa DesideEgzanp

Si wap li plan biblik sa, se paske ou gen yon kuryozite de batèm, ou deja planifye pou batize oswa ou fèk batize e ou gen kesyon toujou. Se poutèt sa nou pral pase de twa jou ap tande ki sa bib la di sou batèm e poukisa li enpòtan.
Premyèman, gen kèk bagay enpòtan ou dwe konnen:
- BatèmSe pasak sove'w. Batèm se yon siy ki demontre gen yon chanjman ki deja fèt andedan kè’w. Ou ka swiv Jezi san’w pa batize, e si’w acepte Jezi kòm sovè pèsonèl ou, wap pase letènite avè’l, menm si ou pa batize. Nan Efezyen 2:8-9, pòl fè nou konnen ke bon zèv pa sove nou—sa enkli batèm—men se sèlman pa gras ak lafwa nan Jezi.
- Batèm se yon senbòl. Pou yon koup marye, bag maryaj la se yon senbòl enpòtan. Bag maryaj la fè tout moun konnen ke yo marye, men se pa bag la ki fè yo yon koup marye. An reyalite, si youn nan yo pèdi bag la, yap toujou marye! Se menm bagay la pou batèm. Li se yon senbòl ki demontre ke nou fè pati Jezi e nou komèt vi nou a Li.
Kounye a ou konnen kisa batèm lan ye. Demen, nou pral pale poukisa nou dwe batize.
Defi: Pase de twa minit nan lapriyè Jodi a epi mande Bondye pou’l kontinye revele lanmou’l pou ou.
Konsènan Plan sa a

Ki sa batèm nan ye? Èske'm ta sipoze batize? Poukisa li si enpòtan? Èske'm sipoze batize pou'm ka yon kretyen? Kit ou gen kesyon sou batèm oswa ou jis beswen yon devosyon tou kout pou li anvan oswa aprè’w finn batize, plan biblik sa Life.Church genyen an pafè pou’w ta kòmanse Jodi a.
More
Plan ki liye yo

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
